Konfidansyalite
Nou respekte tout done ou yo. Paj sa a di klèman ki enfòmasyon SipòteM kenbe, poukisa, epi kijan nou pwoteje yo.
Ki done nou pran ?
Lè w kreye yon kont, nou ka kenbe Email, non, non itilizatè, foto pwofil, ak lòt detay ou mete nan pwofil ou.
Pou pèman ak retrè, nou etidye enfòmasyon ki nesesè (tankou montan, mwayen pèman, ak istorik tranzaksyon). Nou pa vann done pèsonèl ou.
Pou asire sekirite finansyè platfòm nan ak tout kreyatè yo, n ap mande w verifye pwofil ou ak yon pyès idantite ofisyèl (Paspò, Kat idantite, oswa lòt) anvan w fè premye retrè ou sou platfòm nan. Done sa yo sèvi sèlman pou konfime se ou menm ki mèt kont lan.
Poukisa nou itilize done yo ?
Nou itilize yo pou pote pi bon sèvis yo pou ou tankou: kont, sipò, kado, Konbit, notifikasyon, ak demann retrè.
Nou itilize yo tou pou sekirite, pou evite vòl, epi pou amelyore eksperyans ou sou platfòm lan.
Sekirite
Nou itilize mwayen sekirite tankou chifreman ak opsyon 2FA pou pwoteje kont ou a.
Pyès sistèm pa totalman san danje. Ou ka ede nou lè w kenbe modpas ou solid epi aktive 2FA.
Kisa lòt moun ka wè ?
Pwofil piblik ou (non itilizatè, foto, kado, Konbit aktif) ka vizib pou sila yo ki vizite lyen paj ou a.
Dwa ou
Ou ka ajoute nouvo enfòmasyon sou pwofil ou a lè w ale nan Paramèt epi modifye enfòmasyon sila yo tou. Si ou bezwen korije oswa efase done, ekri nou.
Nou ap reponn nan yon delè rezonab, daprè egzijans legal ki aplikab.
Kesyon sou done
Pou nenpòt kesyon sou konfidansyalite, kontakte nou nan paj Kontak la oswa nan imèl sipò a.