Sipòte enfliyansè osinon kreyatè ou pi renmen yo. Itilize pèman lokal oubyen kat entènasyonal.

SipòteM se yon platfòm senp ki pèmèt ou resevwa don, voye kado ak lanse konbit pou pwojè kominotè. Tout sa yo devlope nan yon sèl aplikasyon ki fèt espesyalman pou Ayisyen.

Kòmanse gratis ti cheri!Resevwa lajan w rapid

Ki objektif SipòteM?

SipòteM la pou pote solisyon ak yon pwoblèm ki reyèl pou ayisyen yo.

Nou pèmèt enfliyansè osinon kreyatè yo jwenn plis sipò nan men tout abòne yo, nenpòt kote y ap viv pi fasil avèk pèman lokal oubyen entènasyonal.

Pwoblèm
  • Itilizatè pèman lokal yo pa ka voye kado bay Enfliyansè osinon Kreyatè prefere yo a.
  • Rezo sosyal yo jwenn yon pousantaj lajan ki twò wo parapò ak lajan ou ta dwe resevwa a.
  • Pa gen bon mwayen pou w fè konbit lajan.
  • Platfòm entènasyonal yo pa aksepte retrè lajan ak MonCash osinon NatCash.
Solisyon
  • Resevwa kado pi fasil nan men sipòtè ayisyen yo apati nenpòt mwayen ki posib la
  • Jwenn anviwon 90% lajan nan kado ou resevwa yo.
  • Fè konbit osinon resevwa sipò byen fasil pou nenpòt pwojè.
  • Retire lajan ou rapid ak MonCash, Natcash, bank lokal osinon lot mwayen pèman entènasyonal.

Karakteristik

Fonksyonalite ou jwenn anndan platfòm SipòteM nan.

Bous mwen

Jere goud ak dola sou menm kont lan.

Kado pèsonalize

Chwazi 4 atik pou yo fè ou kado: Pizza, Coca, Byè, elatriye.

Konbit

Ranmase don pou yon pwojè byen fasil.

Dekouvri

Itilize non itilizatè enfliyansè w la pou ou ka rejwenn li fasil.

Sekirite

2FA, verifikasyon ak pwoteksyon konplè.

Analiz

Wè evolisyon kont ou a ak non dènye sipòtè ou yo.

Kijan li mache

Swiv etap sila yo. Senp epi rapid.

01

Kreye kont ou

Enskri ak imel oswa Google?Apple nan mwens ke yon minit.

02

Konfigirasyon pwofil

Chwazi yon non itilizatè ak 4 kado ou vle resevwa pou afiche sou pwofil ou

03

Pataje lyen an

Mete pwofil ou piblik epi pataje lyen osinon kòd QR ou.

04

Resevwa peman

Resevwa sipò nan men fanatik ou ak manm kominotew rapid vit epi fe demann pèman pou kapab retire lajan w.

FAQ

Kesyon ou ka poze

Kreye kont ou gratis. epi resevwa pliske 90% totalite lajan sou platfòm nan.

Ou ka mande peman dirèkteman nan kont MonCash/Natcash oswa bank ou. Pèman fèt nan 24-48 èdtan, si sa pran plis tan kontakte nou pou swivi rapid.

Wi. Nenpòt fan ki genyen yon kat entènasyonal ka voye USD ba ou. Tout itilizatè kapab resevwa dola ameriken epi retire lajan li dirèkteman sou kont MonCash/Natcash, bank ak lòt mwayen disponib.

Konbit se yon metòd ki pèmèt ou ranmase lajan pou pwojè kominotè oswa pèsonèl ak yon objektif klè ak yon dat limit.

Wi. Nou itilize 2FA, chifreman, ak pi bon pratik sekirite yo pou pwoteje kont ou.

Nan Paramèt, klike sou Verifikasyon epi swiv etap yo. Nou revize sou kèk jou.

Pare pou kòmanse resevwa sipò?

Rantre nan kominote enfliyansè oswa kreyatè Ayisyen k ap grandi ak SipòteM yo. Se yon platfòm ki gratis epi rapid.

Kreye kont mwen