SipòteM

Kondisyon itilizasyon

Kondisyon sa yo eksplike kijan ou ka itilize SipòteM ki se yon platfòm pou sipòte enfliyansè ak kreyatè Ayisyen yo ak pèman lokal oswa entènasyonal.

Kisa SipòteM ye ?

SipòteM pèmèt ou resevwa sipò, voye kado, epi lanse Konbit pou pwojè ou. Ou ka jere balans ou ak goud aysisyen epi dola ameriken nan menm kont lan.

Lè w kreye yon kont oswa itilize sèvis la, ou dwe aksepte kondisyon sa yo.

Kont ou

Ou responsab enfòmasyon ou bay yo lè w enskri epi sekirite kont ou (modpas, 2FA, ak aparèy ou konekte yo).

Chwazi yon non itilizatè ki p ap twonpe moun epi kenbe pwofil ou klè ak onèt. Nou ka sispann oswa fèmen yon kont ki vyole règ yo.

Sipò, kado, ak Konbit

Sipòtè yo ka voye kado sou fòm sipò bay kreyatè yo. Kado yo se atik ou chwazi afiche sou pwofil ou : " pizza, byè, elatriye. " Ou kapab afiche 4 kado sou pwofil ou.

Konbit se yon fason pou ranmase don pou yon pwojè ak yon objektif sou yon dat limite.

Peman ak retrè

Ou ka resevwa pèman an goud ak dola ameriken. Retrè fèt atravè MonCash, NatCash, bank lokal, oswa lòt mwayen pèman nou ofri.

Demann retrè yo jeneralman trete nan 24–48 èdtan. Si sa pran plis tan, kontakte nou pou swivi.

Komisyon

Kreye kont ou gratis. Apre frè platfòm lan, kreyatè yo jwenn anviwon 90% nan lajan sipò yo resevwa.

Frè yo ka varye selon mwayen pèman an. Nou ka ajiste yo; chanjman enpòtan yo ap parèt nan aplikasyon an.

Konduit

Pa itilize SipòteM pou fwod, mepri, kontni ilegal oswa pou twonpe sipòtè yo. Pa eseye manipile sistèm pèman oswa verifikasyon an.

Nou ka retire kontni, sispann fonksyon oswa fèmen kont ki pa respekte règ sa yo.

Chanjman

Nou ka mete ajou kondisyon sa yo pou reflete nouvo fonksyon oswa egzijans legal. Kontinye itilize SipòteM apre yon chanjman vle di ou aksepte nouvo tèks la.